

Subscribe & Follow us on Youtube where you can stay up to date with meetings, workshops and additional resources.
The Citywide Council for District 75 (CCD75)
Representing Students and Families of District 75
All Students with Special Needs and/or an IEP

Enfòmasyon pou Ane Lekòl 2021-2022 n
Aprantisaj san danje epi an sante pou tout moun
Byenvini nan ane lekòl la
Pandan n ap retounen lekòl, fanmi yo ta dwe pran twa aksyon enpòtan:
Fè pitit ou yo vaksen si yo gen 12 an oswa plis
Soumèt konsantman pou tès COVID-19
Sèvi ak Aplikasyon pou Depistaj Sante a pou yon tcheke sante chak jou pou elèv ou a.

Vaksen kont COVID-19 pou timoun ki gen laj 5 an oswa plis
Vaksen an se etap ki pi enpòtan ou ka pran pou pwoteje oumenm ak fanmi w kont COVID-19, epi kounye a tout Nouyòkè ki gen laj 5 an oswa plis elijib pou resevwa vaksen COVID-19 la.
Vaksen an sekirite, gratis, epi li disponib kèlkeswa sitiyasyon imigrasyon an.
Si w gen yon timoun ki gen omwen 5 an, Depatman Sante ak Ijyèn Mantal ak Depatman Edikasyon Vil Nouyòk ankouraje w pou pran yon randevou vaksinasyon pou yo pi vit posib lè w vizite. vaccinefinder.nyc.gov(Louvri lyen ekstèn) .
Ou ka rele tou 877-VAX-4-NYC (877-829-4692) pou èd pou pran yon randevou nan yon sit vaksinasyon vil la. Anpil sit kounye a gen randevou mache.
Pou jwenn repons kesyon yo poze souvan sou vaksen COVID-19 la, vizite nyc.gov/vaccinefacts(Louvri lyen ekstèn) .

.png)

